Toutouni

Li koubi kò l, li kenbe kapo a, ak 2 men l, l ap gwouye. L ap fè yayad, l ap gade n. Machin k ap klaksonnen se tankou ritm k ap fè l taye banda. Se gwouyad san rete nan tabatyè nou.

M gen 7 an, papa m voye yon zanmi l ki rele Fleurant chèche m kay mè yo. Zanmi sa te gen yon pitit fi li Rachelle, ki te Colimon Boisson (m ta kontan rewè l). Tou de mesye yo t ap travay APN, papa m te chofè trailer, lè debakman ap fèt li pat toujou ka deplase. Kòm lekòl pitit zanmi l lan te pre ak pa m e kay nou te nan menm katye, yo te konn aranje yo pran n lekòl pou nou pa rete twò ta sou lakou a.

Men konsa tou, gen de jou, olye n antre n al lakay nou, nou konn al sou « warf » la. Se konsa yo fin pran m «  Rue du peuple », n al pase anba lavil. M pa sonje non ri a, men se te nan ri sa papa m te konn pase achte pen mayi pou mwen, Boulangerie Saint-Marc. Papa m te gate m anpil, li te toujou gen anpil atansyon pou mwen. Ann tounen sou istwa a…

Se te yon vandredi, nou fini bonè. Solèy la cho, m ap ekri sa kòm ap pike m, machin lan pa t klimatize, lè pa sikile, blokis nan wèl nou, nou plizyè nan ti Subaru an. Frè m ak sè m yo te ka dèyè, ou sèlman Rachelle, m pa twò sonje pati sa, mwen m chita devan.

Antan n sou wout la, gen yon moun fou toutouni ki vin plake devan machin nou an. M pè! Je mouche a sòti, kò l sal, cheve l dread, yo fè ma ak labou seche. Mesye a t ap pase gwouye devan machin yo, m pa t vle li vin sou pa nou an, men li vin remize l devan l kanmenm.

Li koubi kò l, li kenbe kapo a, ak 2 men l, l ap gwouye. L ap fè yayad, l ap gade n. Machin k ap klaksonnen se tankou ritm k ap fè l taye banda. Se gwouyad san rete nan tabatyè nou. Se yon men sòl li t ap bay, chak moun gen tou pa yo. Kòd grenn li men longè, l ap danse ak tout kò l, frape sou kapo a.

Sa pa dire lontan, petèt mwens ke yon minit, men li te parèt yon etènite, sitou sèvo m jwe pati sa an ralanti. M jennen, m wont paske nan edikasyon m lakay kou lekòl, m konnen m pa dwe wè moun toutouni, yon gason an plis, se gravman grav. M konnen sa je m wè a se yon peche. M pat konn konpòtman pou m adopte fas ak zanmi papa m lan, fas ak mesye a ki kale je l nan je m. Si m rete je ouvè zanmi papa m lan ka pran m pou yon timoun fwonte, moun fou a ka kontinye, oubyen li vin bwote m lan machin lan. Moun fou pou mwen alepòk te plen pouvwa, yo mache jan yo vle, yo fè sa yo vle pèsònn pat ka kenbe yo. M panse m fèmen je m, janm konn fè l, lè moun ap bo nan tele, ou di mwens tankou lè w ap fè yon vye rèv epi ou peze je w pou ou ka reveye nan mond reyèl la, pou djab la pa rive manje w, menm pa gen yon lide klè sou sa m te fè apre sa…

Koze a boulvèse m. Jouk jounen jodi a lè m wè moun fou toutouni, m toujou ap veye yo, si timoun yo ak mwen, m pè pou yo pa sibi menm twomatism ak mwen.

Antouka, lane pwochèn m vin gen 8 tan. M te nan elemantè 1, se te lane pou m fè premyè kominyon m. M konpoze pou m al kominye, m pase. Yo mennen n konfese, sa m rakonte nou la, se te youn nan peche m te avwe bay pè a.

Timoun o!

M pa bezwen di nou, jodi a fòk mwen ta chita nan konfesyona pou volim ak frekans peche m ap fè🙂. Apre yon tan, se yon lòt.

Laisser un commentaire